Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 10:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Anyen pa p rete men y ap akwoupi pami kaptif yo oswa tonbe pami sila ki touye yo. Malgre sa, kòlè Li pa detounen e men L toujou lonje.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gentan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Senyè a move. Li poko fin regle ak yo!

参见章节 复制




Ezayi 10:4
19 交叉引用  

Nou menm ki te plen ak gwo bri, nou menm vil plen ak zen. Mò pa nou yo pa t mouri akoz nepe, ni yo pa t mouri nan batay la.


Yo va ranmase ansanm tankou prizonye nan yon kacho e yo va fèmen nan prizon. Apre anpil jou, yo va pini.


Konsa, mò yo va jete deyò. Kadav yo va fè movèz odè, e mòn yo va tranpe ak san yo.


Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a, Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba. Mòn yo te tranble e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a. Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.


Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak dife e avèk nepe Li sou tout chè; e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.


Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo advèsè ki sòti Retsin yo e chofe ènmi yo,


Siryen lès yo ak Filisten lwès yo; epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri. Malgre sa, kòlè Li p ap detounen e men L va toujou lonje.


Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.


Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo, ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo; paske yo tout se malfektè ki san Bondye e bouch yo tout ap pale nan foli. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen, e men L toujou lonje.


Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo.


Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé e ansanm, yo kont Juda. Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen e men Li toujou lonje.


Konsa l ap rive ke lè yo mande ou: ‘Ki jan n ap prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale: “Sila ki pou mouri yo, a lanmò; ak sila ki pou nepe yo, a nepe; sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou a; e sila ki pou kaptif yo, a kaptivite.”’


Paske menm si nou te bat tout lame Kaldeyen ki t ap goumen kont nou yo e te gen sèlman moun blese ki rete pami yo, yo chak nan tant pa yo, yo ta soulve e brile vil sa a ak dife.’”


Pou sa, abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou.


Malgre yo leve pwòp pitit yo, Mwen va prive yo de yo, jiskaske pa gen yon moun ki rete. Wi, anverite malè a yo menm, lè Mwen kite yo!


Mwen va mete figi Mwen kont nou jiskaske nou vin frape devan lènmi nou yo. Sila ki rayi nou yo va domine sou nou, e nou va kouri sove ale menm lè pa gen moun k ap kouri dèyè nou.


Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.


跟着我们:

广告


广告