Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 10:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Yon retay va retounen, retay a Jacob la, retounen kote Bondye pwisan an.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Se yon ti ponyen moun ase, yon ti rès nan fanmi Jakòb la k'ap tounen vin jwenn Bondye yo a ki gen pouvwa.

参见章节 复制




Ezayi 10:21
17 交叉引用  

Nenpòt nan yo ki toujou vivan, nenpòt kote ke li ta rete, kite moun nan plas sa yo bay li soutyen avèk ajan avèk lò, avèk byen ak bèt, ansanm avèk yon ofrann bòn volonte pou lakay Bondye ki Jérusalem nan.’”


SENYÈ a va frape Égypte; frape, men geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.


Retay lakay Juda ki chape a va ankò pran rasin anba pou donnen fwi anlè.


Koute Mwen, O lakay Jacob ak tout retay lakay Israël la; nou menm ki te pote menm depi nan nesans, ki te pote depi nan vant.


Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.


“Yon Redanmtè va vini nan Sion, e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.


Konsa, SENYÈ a te di a Ésaïe: “Sòti la koulye a pou rankontre Achaz, ou menm ak fis ou, Schear-Jaschub, nan pwent kanal la premye ma dlo sou gran chemen ki mennen kote chan Foulon an.


Sepandan, pèp la p ap vire retounen kote Sila ki te frape yo a, ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.


Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.


Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la, men p ap genyen; epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn; paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”


Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a. Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.


Vini, annou retounen kote SENYÈ a; paske li te chire nou, men Li va geri nou. Li te blese nou, men Li va panse nou.


Malgre sa ògèy Israël la fè temwaye kont li, men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a. Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.


Yo vire, men pa a Sila ki anwo a. Yo tankou yon banza k ap twonpe moun. Prens yo va tonbe devan nepe akoz ensolans a lang yo. Sa va fèt pou yo ka vin pase nan rizib nan peyi Egypte.


men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.


跟着我们:

广告


广告