Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 1:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Sion va rachte ak lajistis, e sila ki repanti ladann yo va plen ladwati a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Senyè a ap fè sa ki gen pou fèt. L'a sove lavil Jerizalèm. Senyè a ap rann jistis, l'a delivre moun Siyon ki va tounen vin jwenn li yo.

参见章节 复制




Ezayi 1:27
18 交叉引用  

Rachte a SENYÈ yo va retounen. Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion; lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo. Yo va twouve kè kontan ak lajwa; tristès ak soupi va sove ale.


Nanpwen lyon k ap la, ni p ap gen bèt sovaj k ap mache sou li. Yo p ap twouve la. Men rachte yo va mache la.


Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman e Bondye sen an va montre sentete Li nan ladwati.


“Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an; paske yon lwa va sòti nan Mwen e Mwen va poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo.


Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi e ou va rachte san vèse lajan.”


Nan ladwati, ou va etabli; ou va rete lwen opresyon, paske ou p ap gen lakrent. Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.


Konsa, yo va rele yo: “Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”. Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a, Yon Vil Ki Pa Abandone.”


Paske jou vanjans lan te nan kè M; e ane racha a M yo rive.


Mwen va fè ou vin renmen M jis pou tout tan. Wi, Mwen va fè ou vin renmen M nan ladwati ak lajistis, nan lanmou dous ak konpasyon.


Pèp mwen, sonje koulye a konsèy Balak, wa Moab la ak sa Balaam, fis a Beor a, te reponn li depi nan Sittim rive Guilgal, pou nou ta ka konnen zèv ladwati a SENYÈ a.”


Men selon sa ke Li menm te fè a, nou nan Jésus Kri. Se Li ki te devni pou nou sajès ki soti nan Bondye, ansanm ak jistis, sanktifikasyon, ak redanmsyon.


Li te fè Sila ki pa t konnen okenn peche a devni peche pou nou menm, pou nou ta kapab devni ladwati Bondye nan Li menm.


ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.


跟着我们:

广告


广告