Ezayi 1:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen23 Chèf ou yo se rebèl yo ye k ap fè zanmi parèy ak volè. Se yo tout ki renmen resevwa anba tab ak kouri dèyè benifis. Yo pa defann òfelen an, ni ka a vèv la pa rive devan yo. 参见章节1998 Haïtienne23 Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan anba. Yo pa defann kòz ti òfelen san papa yo. Lè yon vèv ale lajistis, yo fè lasoudorèy pou pa tande kòz li. 参见章节 |
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.