Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Gade vil fidèl la vin devni yon pwostitiye! Sila ki te konn plen ak jistis la! Nan yon lè, ladwati te rete nan li, men koulye a, se asasen yo ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Yon lè, lavil Jerizalèm te renmen m ak tout kè li. Kounyeya, li tounen yon jennès! Yon lè, se moun ki mache dwat ase ki te rete ladan l, yo pat fè lenjistis. Kounyeya se renk ansasen!

参见章节 复制




Ezayi 1:21
31 交叉引用  

David te renye sou tout Israël. Li te administre lajistis avèk ladwati pou tout pèp li a.


Li te pase lòd bay yo. Li te di: “Konsa nou va gen lakrent SENYÈ a, avèk fidelite e avèk tout kè.


Alò, chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo.


Genyen yon rivyè ak flèv li yo ki fè kè vil Bondye a kontan; lye sen a kote Pi Wo a demere a.


Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a, nan Jérusalem, vil Bondye nou an, mòn sen pa Li a.


Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè, nan vil SENYÈ dèzame yo, nan vil Bondye pa nou an. Bondye va etabli li nèt, jis pou tout tan.


Ajan ou yo, koulye a vin tounen kim e bwason ou vin mele ak dlo.


Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati. Li aji ak enjistis nan peyi ladwati. Konsa, li p ap janm wè majeste Senyè a.


Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an e yo depann sou Bondye Israël la; SENYÈ dèzame se non Li.


Paske chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël, e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a. Konsa, Li t ap chache jistis; men olye sa Li te jwenn san vèse; pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”.


Lajistis vin detounen e ladwati vin kanpe byen lwen. Paske verite a fin glise tonbe nan lari e ladwati p ap ka antre.


Wi, verite a manke; epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la, fin fè pwòp tèt li yon viktim. Alò, SENYÈ a te wè e sa pa t fè plezi devan zye L, ke pa t gen jistis.


Paske men nou souye ak san vèse, e dwèt nou ak inikite. Lèv nou fin pale sa ki fo, e lang nou plenyen mechanste.


Bondye di: “Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.


Éphraïm antoure Mwen ak manti, e lakay Israël ak desepsyon. Men anplis, Juda toujou egare, kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.


Paske manman yo te fè pwostitisyon. Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di: ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo, ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen, lwil ak bwason mwen.’


Akoz sa, yo vin pa okipe yo de lalwa e jistis la pa janm avanse. Paske mechan yo vin antoure moun ladwati yo. Lajistis tòde nèt.


Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”


O Jérusalem, Jérusalem, vil ki touye pwofèt yo, e lapide sila ki te voye kote li yo! Kijan souvan Mwen te vle rasanble pitit nou yo ansanm tankou yon poul ranmase pitit li yo anba zèl li, men nou pa t fè sa!


Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.


Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole,


Kite gran lakou ki deyò tanp lan. Pa mezire l, paske li te bay a nasyon yo. Konsa, yo va foule vil sen an anba pye yo pandan karant-de mwa.


Konsa, kadav yo va rete nan lari gran vil ki nan lespri a yo rele Sodome e Égypte la, kote osi Senyè yo a te krisifye a.


Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo,


跟着我们:

广告


广告