Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Ezayi 1:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo. Yo vin yon gwo fado pou mwen. Mwen fatige sipòte yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Mwen rayi fèt lalin nouvèl nou yo ak tout bèl seremoni n'ap plede fè yo. Se yon chay yo tounen pou mwen. Mwen pa ka sipòte yo ankò.

参见章节 复制




Ezayi 1:14
13 交叉引用  

epi pou ofri tout ofrann brile a SENYÈ a, nan Saba yo, nan nouvèl lin yo, avèk fèt etabli yo nan kontwòl ki òdone selon òdonans de yo menm, tout tan san rete devan SENYÈ a.


Malè a Ariel! Ariel, vil kote David yon fwa te fè kan an! Ogmante lane sou lane, obsève fèt ou yo nan lè yo.


Mwen va mennen gwo pwoblèm sou Ariel e li va vin yon vil gwo doulè ak lamantasyon. Pou Mwen, li va tankou yon lotèl k ap brile a.


Ou pa t mennen ban M kann dous ak lajan, ni ou pa t plen M ak grès a sakrifis ou yo. Olye de sa, ou te chaje Mwen ak peche ou yo. Ou te fatige M ak inikite ou yo.


Paske Mwen, SENYÈ a, renmen lajistis; Mwen rayi vòl ak malfezans. Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo, e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.


Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di.


Epi li te di: “Koute koulye a, O lakay David! Èske se yon bagay ki twò piti pou nou menm pou tante pasyans a lezòm, ke nou va tante pasyans a Bondye mwen an tou?


Anplis, Mwen va mete fen a tout kè kontan l; fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a, ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.


Yo te aji an trèt kont SENYÈ a, paske yo te fè pitit ilejitim. Koulye a nouvèl lin nan va devore yo menm ak chan yo.


Gade byen, Mwen va peze nou anba chaj, kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal.


Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo, ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.


Epi mwen te koupe retire nèt twa bèje sila yo nan yon mwa, paske nanm mwen te pèdi pasyans avèk yo, e nanm pa yo te fatige avè m tou.


“Nou te fatige SENYÈ a ak pawòl nou yo. Malgre sa, nou di: ‘Nan kisa nou te fatige Li a?’ Paske n ap di: ‘Tout moun k ap fè mal, bon nan zye SENYÈ a, e Li pran plezi nan yo;’ oswa ‘Kote Bondye jistis la ye?’”


跟着我们:

广告


广告