Ezayi 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen11 “Ki sa gran fòs kantite sakrifis sa yo ye k ap ogmante pou Mwen?” di SENYÈ a. Mwen fin resevwa kont ofrann brile a belye ak grès a bèf gra yo. Mwen pa pran plezi nan san towo yo, jenn mouton, ni kabrit. 参见章节1998 Haïtienne11 Li di yo: Sa pou m fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa. 参见章节 |
Men sila ki touye yon bèf la, li tankou sila ki touye yon moun nan; sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an, li tankou yon moun ki kase kou a yon chen; sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an; sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la. Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo, e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.