Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 9:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Pou sa, yo rele jou sila yo Purim menm non ak Pur. Epi akoz enstriksyon nan lèt sila yo, akoz sa yo te wè konsa ak sa ki te rive yo,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Se poutèt sa yo rele jou fèt sa yo: Pourim, dapre yon mo ansyen ki vle di: chans. Konsa, dapre sa ki te nan lèt Madoche te voye ba yo a, lèfini poutèt sa yo te wè ki te rive yo,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Nan epòk sa a, pou yo di mo “sò”, yo konn di “pirim” tou. Se poutèt sa Jwif yo te rele jou sa yo fèt pirim. Yo fè l yon koutim pou fete tou 2 jou sa yo chak ane akoz lèt Madoche te voye ba yo, poutèt sa yo te wè ak eksperyans yo te fè.

参见章节 复制




Estè 9:26
5 交叉引用  

Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur a, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar a.


Epi Mardochée te fè yon rapò de evènman sila yo, e li te voye lèt a tout Jwif ki te nan tout pwovens a Wa Assuérus yo, ni sila ki pre yo, ni sila ki te lwen yo,


Se te lòd Esther a ki te etabli koutim sila yo pou Purim, e sa te ekri nan liv la.


“‘“Nan jou sa a, Mwen va bay Gog yon simityè la an Israël, nan vale kote moun yo pase sou kote lès lanmè a, e li va bloke sila ki ta pase ladan. Konsa, yo va antere Gog ak tout foul li a, e yo va rele la, ‘Vale Moun Gog la’.


kòm yon sonj komemoratif a fis Israël yo pou pèsòn ki pa nan ras Aaron pa ta dwe pwoche pou brile lansan devan SENYÈ a; jis pou li pa devni tankou Koré ak konpanyen li yo—jis jan ke SENYÈ a te pale a li pa Moïse la.


跟着我们:

广告


广告