Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 9:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

22 Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitirasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pat dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resèpsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

22 paske jou sa yo Jwif yo te gen kanpo ak tout lènmi l yo. Mwa sa se moman tristès yo te chanje an jwa epi malè yo te tounen bonè. Madoche te mande yo pou yo selebre jou sa yo nan lajwa ak gwo festen, youn voye manje bay lòt epi voye manje bay sa ki pòv yo.

参见章节 复制




Estè 9:22
24 交叉引用  

Pou sa, Jwif nan andwa andeyò yo, ki te rete nan lavil riral yo, fè katòzyèm jou nan mwa Adar a yon jou fèt pou rejwi, fè fèt ak voye pòsyon manje bay youn lòt.


pou fè yo konprann se devwa yo pou selebre katòzyèm jou a mwa Adar a avèk kenzyèm jou nan menm mwa a chak ane,


Konsa, Jwif yo te acheve fè sa ke yo te kòmanse fè a e menm sa ke Mardochée te ekri yo.


Beni SENYÈ a, O nanm mwen, e pa janm bliye benefis Li yo,


pou fè vanjans sou nasyon yo, avèk pinisyon sou lòt pèp yo;


Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.


Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans. O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va bay Ou glwa pou tout tan, nèt.


Nepe yo va antre nan pwòp kè yo. Banza yo ap kase.


Li va rive nan jou lè SENYÈ a ba ou repò sou doulè ou, twoub ou ak redi di nan sila ou te vin esklav la,


Konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Jèn nan katriyèm mwa a, jèn nan senkyèm mwa a, jèn nan setyèm mwa a, e jèn nan dizyèm mwa yo va devni pou lakay Juda gwo lajwa, kè kontan ak gwo fèt rejwisans; Donk lanmou, laverite ak lapè.”


Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt; yo va konsole.


Men bay sa ki anndan an kòm charite, e konsa tout bagay ap pwòp pou nou.


Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.


“Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a.


Nou va rejwi nan fèt nou, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant nou yo, Levit la ak etranje a, òfelen ak vèv ki nan vil nou yo.


Sèt jou, nou va selebre yon fèt a SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a chwazi a, akoz SENYÈ Bondye nou an, va beni nou nan rekòlt nou yo ak nan tout travay men nou yo, pou nou kab vin ranpli nèt avèk jwa.


Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.


Mande jennonm pa ou yo e yo va pale ou. Pou sa, kite jennonm pa m yo jwenn favè nan zye ou. Paske nou vin parèt nan yon jou ke tout moun ap fete. Pou sa, silvouplè, bay nenpòt sa ke nou twouve nan men a sèvitè ou yo, e a fis ou, David.’”


跟着我们:

广告


广告