Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Estè 9:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Alò, tout lòt moun nan Jwif yo ki te nan pwovens yo te rasanble pou defann lavi yo, pou te retire lènmi yo pami yo e pou te touye swasann-kenz-mil nan sila ki te rayi yo; men yo pa t mete men yo sou piyaj la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

16 Nan pwovens yo menm, jwif yo te òganize yo pou defann tèt yo. Yo fè lènmi yo ba yo lapè, yo touye swasannkenzmil (75.000) moun ki pat vle wè yo. Men, yo menm tou yo pat pran anyen nan zafè moun yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16-17 Jwif ki t ap viv nan pwovens yo te rasanble nan trèzyèm jou mwa Ada a pou defann tèt yo. Jou sa a, yo touye 75,000 pami moun ki te rayi yo. Men, yo pa t pran anyen nan sa moun sa yo te posede. Nan demen, sa vle di katòzyèm jou mwa Ada a, Jwif nan pwovens yo te sispann goumen an. Yo te nan lajwa epi yo te fè gwo fèt jou sa a.

参见章节 复制




Estè 9:16
6 交叉引用  

Fis Jacob yo te vini sou mò yo. Yo te piyaje vil la akoz ke yo te vyole sè yo a.


Nan lèt sa yo, wa a te bay dwa a Jwif yo nan chak vil, pou rasanble e fè defans lavi yo, pou detwi, pou touye e pou anile tout lame a nenpòt pèp oswa pwovens ki ta vin atake yo, menm ansanm avèk pitit yo ak fanm yo, e piyaje byen yo,


Jwif yo te rasanble nan vil pa yo toupatou nan pwovens a Wa Assuérus yo pou mete men yo sou sila ki te chache fè yo mal yo. Konsa, pa t genyen moun ki te kab kanpe devan yo, paske perèz yo te vin tonbe sou tout moun nan pèp yo.


pou fè vanjans sou nasyon yo, avèk pinisyon sou lòt pèp yo;


Nepe yo va antre nan pwòp kè yo. Banza yo ap kase.


跟着我们:

广告


广告