Esdras 8:36 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen36 Yo te livre dekrè a wa a chèf pwovens yo, e a majistra lòtbò rivyè Jourdain an. Konsa, yo te bay soutyen a pèp la avèk lakay Bondye a. 参见章节1998 Haïtienne36 Yo pran tout dokiman lanperè a te ba yo, yo renmèt yo bay prefè lanperè a ak gouvènè yo ki reskonsab pwovens lòt bò larivyè Lefrat la. Se konsa, tout chèf sa yo vin ede pèp la. Yo ba yo konkou yo pou Tanp Bondye a. 参见章节 |
Konsa, grefye a wa yo te rele nan trèzyèm jou nan premye mwa a, e li te ekri jan ke Haman te kòmande a reprezantan a wa a nan tout pwovens yo, a gouvènè ki te sou chak pwovens yo e a chèf a chak pèp, chak pwovens selon ekriti pa li, chak pèp selon langaj pa li, tout sa ekri nan non Wa Assuérus e sele avèk bag so a wa a.