Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Esdras 7:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 epi te lonje bay lanmou dous Li a mwen menm devan wa a avèk konseye li yo e devan tout chèf pwisan a wa yo. Se te konsa mwen te ranfòse pa men SENYÈ a, Bondye mwen an, ki te sou mwen an, e mwen te rasanble mesye dirijan prensipal yo soti an Israël pou monte avè m.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Li fè m jwenn favè devan wa a, devan konseye l yo ak tout lòt gwo zotobre k'ap travay ak wa a. Li te ban m kouray, mwen te rive sanble tout chèf fanmi pèp Izrayèl la pou yo pati avè mwen!

参见章节 复制




Esdras 7:28
15 交叉引用  

Li te di: “Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël; paske ou te lite avèk Bondye, e avèk lòm, epi ou te reyisi.”


Konsa, ke Bondye Toupwisan an kapab bannou gras nan zye mesye a, pou li kab lage bannou lòt frè nou an avèk Benjamin. Epi pou mwen, si mwen pèdi pitit mwen yo, mwen pèdi nèt.”


Men zye a Bondye pa yo te veye sou ansyen nan Jwif yo, e yo pa t fè yo sispann jiskaske yon rapò te sòti nan Darius, wa Perse la.


Akoz ke ou voye pa wa a avèk sèt konseye li yo, pou mande konsèy sou Juda ak Jérusalem, selon lalwa Bondye pa ou a, ki nan men ou a,


Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li.


Paske nan premye jou nan premye mwa a, li te kòmanse monte soti Babylone; epi nan premye jou nan senkyèm mwa a, li te rive Jérusalem, akoz bon men a Bondye pa li a te sou li.


Alò sila yo se chèf lakay papa zansèt yo, e anrejistreman a sila ki te monte avè m soti Babylone yo nan règn Wa Artaxerxès la:


Alò, mwen te rasanble yo akote rivyè ki kouri rive Ahava a, kote nou te fè kan pandan twa jou. Epi lè mwen te obsève pèp la avèk prèt yo, mwen pa t twouve okenn nan Levit yo la.


Selon bon men SENYÈ a sou nou, yo te mennen bannou yon nonm ak anpil konprann nan fis a Machli yo, fis a Lévi a, fis Israël la, ki rele Schérébia ak fis li yo avèk frè li yo, di-zuit mesye;


Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.


O Senyè, mwen sipliye W, pou zòrèy ou kapab atantif a lapriyè a sèvitè Ou a ak lapriyè a sèvitè Ou yo ki pran plezi nan louwe non Ou. Fè sèvitè Ou a reyisi nan jou sila a, e bay li mizerikòd devan nonm sila a.” Alò, se te mwen ki te pote tas pou wa a.


anplis, yon lèt a Asaph, gadyen nan forè a wa a, pou li kapab ban mwen bwa chapant pou fè travès pou pòtay a fò ki akote tanp lan; epi pou miray lavil la e pou kay nan sila mwen prale a.” Wa a te ban m tout sa akoz bon men Bondye mwen an te sou mwen.


Kite l rive ke nanpwen moun ki pou ofri li lanmou dous, Ni okenn moun ki pou fè gras a òfelen li yo.


Li te pibliye yon pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo.


跟着我们:

广告


广告