Esdras 1:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen2 “Konsa pale Cyrus, wa a Perse la, ‘SENYÈ a, Bondye Syèl la, te ban mwen tout wayòm yo sou latè epi Li te chwazi mwen pou bati yon kay pou Li Jérusalem, ki nan Juda. 参见章节1998 Haïtienne2 — Mwen menm Siris, laperè peyi Lapès, men lòd mwen pase: Senyè Bondye nan syèl la mete m' chèf sou tout peyi sou latè. Li ban m' reskonsablite pou mwen bati yon Tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida. 参见章节 |
men ou te egzalte tèt ou kont Senyè syèl la. Konsa, yo te mennen veso lakay Li yo devan ou e ou menm ak prens ou yo, madanm ou yo, ak ti mennaj ou yo t ap bwè diven nan yo. Ou te bay lwanj a dye a ajan, lò, bwonz, fè, bwa, ak wòch yo, ki pa wè, tande, ni konprann. Men Bondye, nan men a Sila souf lavi ou ye a, pou Sila tout chemen ou yo ye a, ou pa t bay Li glwa.