Èske Acan, fis Zérach la, pa t aji an movèz fwa nan zafè bagay ki te dedye anba ve a e kòlè te tonbe sou tout asanble a SENYÈ a? Epi se pa mesye sa a sèl ki te peri nan inikite l la.’”
Men fis Israël yo te aji avèk movèz fwa nan bagay ki te dedye anba ve yo; paske Acan, fis a Carmi a, fis a Zabdi, fis a Zérach, nan tribi Juda a, te pran kèk nan bagay ki te dedye anba ve yo. Pou sa, chalè SENYÈ a te brile kont fis Israël yo.
Mesye Aï yo te frape yo, mete ba anviwon trann-sis nan mesye yo. Yo te kouri dèyè yo soti nan pòtay la jis rive Schebarim pou te frape yo, mete yo ba pandan yo t ap desann, jiskaske kè pèp la te fonn e te vin tankou dlo.