3 Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè la vin pi bon.
3 Pito yon moun nan lapenn pase pou l gen kè kontan. Lapenn rale figi ou, men l'ap louvri lespri ou.
Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.
Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”
Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi.
Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou vin vanyan!” Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”
“Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
“Malè a sila ki byen manje koulye a yo, paske nou va grangou. “Malè a nou menm ki ri koulye a, paske n ap kriye anpil.
Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,