Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 7:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Yon bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

1 Pito yo nonmen non ou anbyen pase pou yo pale sou kalite bon odè ou mete sou ou. Jou ou mouri a pi bon pase jou ou fèt la.

参见章节 复制




Eklezyas 7:1
23 交叉引用  

La, mechan yo sispann fè laraj, e la moun fatige yo jwenn repo.


Se tankou lwil presye ki koule sou tèt, vin desann jis sou bab, menm bab Aaron, vin desann rive sou kote vètman li.


Zye klè fè kè kontan; bòn nouvèl kon mete grès sou zo.


Yon bon non pi bon pase tout richès; e favè Bondye, pase ajan ak lò.


oswa sila ki tande ou a, va fè ou repwòch, e move rapò sou ou menm p ap janm disparèt.


Lwil ak pafen fè kè kontan; se konsa konsèy a yon nonm dous pou zanmi li.


Mouch mouri bay lwil pafen yon move odè; Se konsa yon ti kras foli gen pouvwa pou depase sajès ak respè.


Pou sa, mwen te felisite tout sila ki fin mouri deja yo, olye sila k ap viv yo.


Lè yon bagay fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a. Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a.


Lwil pafen ou yo santi bon. Non ou menm se tankou lwil kap vide; se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.


A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an, fi a maryaj mwen an! A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!


a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an; anndan miray Mwen yo, yon memoryal e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo. Mwen va bay yo yon non k ap dire nèt jis pou letènite, ki p ap janm disparèt.”


Alò, pou sa, koulye a, O SENYÈ, souple, pran lavi mwen. Paske lanmò pi bon ke lavi pou mwen.”


“Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”


Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.


Paske nou konnen ke si tant tèrès la ki se lakay nou an vin demoli, nou gen yon kay ki sòti nan Bondye; yon kay ki pa fèt avèk men, ki etènèl nan syèl la.


Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.


Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.


Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la.


“Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”: “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”


Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: “Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.”


跟着我们:

广告


广告