Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 5:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l.

参见章节 复制




Eklezyas 5:4
20 交叉引用  

Epi Jacob te fè yon sèman. Li te di: “Si Bondye ale avèk mwen, si Li va kenbe mwen nan vwayaj sila ke m ap fè a, e Li va ban mwen manje pou m manje, ak rad pou m mete,


Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”


Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.”


Mwen va peye tout ve mwen yo anvè SENYÈ a. Wi, nan prezans tout pèp Li a!


Mwen te sèmante e mwen va konfime sa, Ke m va kenbe òdonans Ou yo.


Se depi a Ou menm ke lwanj mwen sòti nan gran asanble a; Mwen va akonpli ve mwen yo devan sila ki krent Li yo.


Ofri a Bondye yon sakrifis remèsiman e peye ve ou yo a Pi Wo a.


Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. Kite tout sila ki antoure Li yo mennen don a Sila ki merite lakrent lan.


Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans: “Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.


Konsa SENYÈ a va fè Égypte konnen Li. Konsa, Ejipsyen yo va konnen SENYÈ a nan jou sa a. Yo va anplis adore Li avèk sakrifis ak ofrann. Yo va fè yon ve a SENYÈ a, epi yo va akonpli li.


Men mwen va fè sakrifis a Ou menm ak vwa aksyon de gras la. Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va akonpli. Sali a sòti nan SENYÈ a.”


O ke te genyen youn nan nou pou ta fèmen pòt yo, pou nou pa ta chofe dife pou granmèsi sou lotèl Mwen an! “Mwen pa kontan avèk nou”, pale SENYÈ Dèzame yo. “Ofrann nan k ap sòti nan men nou, Mwen p ap aksepte l nonpli.


Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.


“Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’.


Nan tout ofrann ki brile ak sakrifis pou peche, Ou pa t pran plezi.


Lè li te wè li, li te chire rad li e te di: “Anmwey, pitit mwen, ou mete m ba nèt e ou pami sila yo ki twouble m yo. Paske, mwen te bay pawòl mwen a SENYÈ a, e mwen p ap kab reprann li.”


跟着我们:

广告


广告