Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou.
Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”
Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”
Yo te di li: “Yon nonm te vin rankontre nou e te di nou: ‘Ale retounen kote wa ki te voye nou an e di li: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Èske se akoz nanpwen Dye an Israël ke w ap voye mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an? Pou sa, ou p ap desann Kabann kote ou fin monte a, men anverite, ou va mouri.’”’”
Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te rekonpans pou tout travay mwen yo.