5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li.
5 Pawòl la di: Moun sòt rete san fè anyen, yo pito grangou.
Poukisa mwen ta mete chè m nan pwòp dan m e mete lavi m nan men m?
Yon nonm ki fè gras fè byen pou pwòp tèt li; men yon nonm mechan fè tèt li mal.
Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li, men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn; men nanm a moun dilijan an vin gra.
Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;
Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou; yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè. Yo chak manje chè pwòp bra yo.