Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 4:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Paske li te sòti nan prizon pou vin wa, malgre li te fèt malere nan wayòm li an.

参见章节 复制




Eklezyas 4:14
15 交叉引用  

Alò, Farawon te voye rele Joseph. Avèk vitès, yo te mennen li sòti nan prizon an. Depi li fin taye bab li e chanje rad li, li te vini devan Farawon.


Jojakin, wa Juda a, te sòti kote wa a Babylone nan, li menm avèk manman li, sèvitè li yo avèk kapitèn li yo ak ofisye li yo. Konsa, wa a Babylone nan te pran li an kaptivite nan uityèm ane règn pa li a.


Konsa, Jojakim te dòmi avèk papa zansèt li yo e Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.


Yo te touye fis a Sédécias yo devan zye li, yo te pete zye a Sédécias, yo te mare l avèk chenn an bwonz yo, e yo te mennen li Babylone.


Jiskaske Li leve sila ki enb yo, e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.


Mwen te wè tout sa k ap viv anba solèy la kouri bò kote dezyèm jennjan ki ranplase li an.


Souf lè ki nan nen nou, nou menm ki onksyone de SENYÈ a, te vin kaptire nan twou fòs yo, de sila nou te konn di: “Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.


Pandan pawòl sa te toujou nan bouch a wa a, yon vwa te sòti nan syèl la e te di: “Wa Nebucadnetsar, a ou menm sa deklare; ‘Wayòm nan rache soti nan men ou.


Li leve malere sòti nan pousyè. Li leve sila ki nan bezwen an soti nan pil sann nan, pou yo chita avèk prens yo, e jwenn yon chèz donè kòm eritaj. Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye. Li te plase lemond sou yo.


跟着我们:

广告


广告