Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 3:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Yon tan pou kriye e yon tan pou ri; yon tan pou fè dèy e yon tan pou danse.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Gen lè pou kriye, gen lè pou ri, gen lè pou nan lapenn, gen lè pou nan fèt,

参见章节 复制




Eklezyas 3:4
23 交叉引用  

Sarah te di: “Bondye te fè m fè gwo ri. Tout moun ki tande va ri avèk mwen.”


Li te vin rive ke lè lach SENYÈ a te antre nan vil David la, ke Mical, fi a Saül la, te gade nan fenèt la e te wè Wa David t ap vòltije danse devan SENYÈ a. Epi li te meprize li nan kè l.


Ou te chanje doulè mwen, e sa te fè m vin danse ak lajwa; Ou te demare rad twal sak mwen an, e te mare senti m avèk kè kontan.


Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman, men Bonte Li se pou tout tan. Kriye a kapab dire pou nwit lan, men kri lajwa a vin parèt nan maten.


Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse.


Yon tan pou voye wòch e yon tan pou ranmase wòch; yon tan pou anbrase e yon tan pou evite anbrase.


Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.


“Konsole, O konsole pèp Mwen an,” pale Bondye ou an.


“Pale ak dousè ak Jérusalem. Rele a li menm, ke konfli li fini an, ke inikite li retire a, ke li te resevwa nan men SENYÈ a doub pou tout peche li yo.”


pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’.


Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn.


Vwazen li yo avèk fanmi li yo te tande ke Senyè a te montre mizerikòd Li, e yo t ap rejwi avèk li.


Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.


Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò.


Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès.


跟着我们:

广告


广告