Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 3:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Tout ale menm kote. Tout te sòti nan pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Toulede pral menm kote Toulede soti nan pousyè tè. Toulede ap tounen nan pousyè tè.

参见章节 复制




Eklezyas 3:20
20 交叉引用  

Sa yo se lane lavi Ismaël yo, san-trant-sèt ane. Li te respire dènye souf li, e li te mouri, epi yo te ranmase li vè pèp li.


Abraham te respire dènye souf li. Li te mouri yon granmoun byen mi, e li te byen satisfè avèk lavi. Konsa, li te vin ranmase vè pèp li.


Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”


Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?


Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò? Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann jiskaske lè rive pou yo lage m.


Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen, si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;


Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l? Oswa nan gwo pwoblem li pa kriye sekou?


Tout chè ta peri ansanm, e lòm ta retounen nan pousyè.


Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò.


Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt. Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.


Ou kache figi Ou, e yo chagren nèt. Ou retire lespri yo; yo mouri e yo retounen nan pousyè yo.


Tankou mouton, yo fin apwente pou rive nan sejou lanmò. Lanmò va bèje yo. Moun dwat yo va domine sou yo nan maten. Men fòm yo va fini nèt pa sejou lanmò a, lwen gran kay yo.


Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a, e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.


Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?


Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagay—èske se pa tout moun ki ale menm kote a?


Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè.


Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.


Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl yo, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini.


Lè ou fin wè li, ou va vin rasanble vè zansèt ou yo, jan sa te rive avèk frè ou a, Aaron.


跟着我们:

广告


广告