Rejwi jennonm, pandan jenès ou, e kite kè ou rete kontan pandan ane de laj jenès ou yo. Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou, men konnen byen ke Bondye va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
Mwen te fè ankèt ak panse m kòman pou eksite kò m ak diven pandan panse m ap gide m ak sajès ak jan pou kenbe foli, jiskaske mwen ta kapab wè sa ki bon ki genyen pou fis a lòm yo fè anba syèl la pandan ti kras ane ke y ap viv yo.
Mwen te wè ke nanpwen anyen ki pi bon pou lòm ta fè pase fè kè kontan nan tout sa li fè, paske se konsa sò a tonbe pou li. Paske se kilès ki ka fè l wè sa ki va vin rive apre li?
Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.
Ou rankontre avèk sila ki rejwi a nan fè sa ki dwat, ki sonje Ou nan chemen pa Ou yo. Gade byen, Ou te fache paske nou te peche, nou te kontinye nan peche pandan anpil tan. Èske nou va sove?
Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
Men nou va manje yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke SENYÈ a, Bondye nou an va chwazi a, nou menm avèk fis nou ak fi nou yo, sèvitè ak sèvant lan ak Levit ki anndan pòtay nou yo. Konsa, nou va rejwi devan SENYÈ a, Bondye nou an, nan tout sa ke nou antreprann.
La osi, nou menm avèk lakay nou va manje devan SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, nou va rejwi nan tout sa nou te antreprann nan, nou avèk lakay nou yo, nan sila SENYÈ a, Bondye nou an, te beni nou an.
“Li va rive ke menm jan SENYÈ a te fè kè kontan sou nou pou fè nou pwospere e miltipliye nou an; konsa, SENYÈ a va fè kè kontan sou nou pou fè nou peri e detwi nou. Nou va chire sòti nan tè ke nou ap antre pou posede a.