Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 2:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Epi mwen te wè ke sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Mwen wè menm jan pito ou nan limyè pase ou nan fènwa, konsa tou, pito ou gen konprann pase ou pa genyen ditou.

参见章节 复制




Eklezyas 2:13
17 交叉引用  

Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e yon limyè nan pa pye mwen.


Lè pawòl Ou antre, li bay limyè. Li bay bon konprann a sila ki senp yo.


Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li; men betiz a moun ensanse a se desepsyon.


A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.


Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!


Limyè a byen bèl, e li bon pou zye wè solèy la.


Sajès ranfòse yon nonm saj plis pase dis gwo chèf ki nan yon vil.


Konsa mwen te di: “Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo.


Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.


Konsa, nou va retounen pou nou byen konprann diferans la antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.


Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb. “Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!


Paske avan sa nou te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè.


跟着我们:

广告


广告