Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 12:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa, e nwaj yo retounen apre lapli yo;

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Lè sa a, limyè solèy la, lalin lan ak zetwal yo ap parèt twoub twoub devan je ou. Syèl la pa janm klè. Lapli poko fin tonbe, tan an gentan mare ankò.

参见章节 复制




Eklezyas 12:2
15 交叉引用  

Alò, li te vin rive lè Isaac te vye, e zye li te twò fèb pou wè, ke li te rele Ésaü, pi gran nan pitit li yo. Li te di li: “Fis mwen.” Ésaü te reponn li: “Men mwen.”


Alò, zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te bo yo e li te anbrase yo.


Pwofondè a rele pwofondè a nan son kaskad dlo Ou yo. Tout gwo dlo ak move lanmè Ou yo fin koule sou mwen.


Ou menm ki te fè m wè anpil twoub ak gwo pwoblèm, va fè m viv. Ou va mennen mwen monte soti nan fon tè yo.


Dlo yo te wè Ou, O Bondye. Dlo yo te wè Ou. Yo te nan gran doulè. Anplis, fon yo te boulvèse.


Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan, oswa akoz gwo fòs, katre-ventan. Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès. Paske byen vit li prale, e nou vole ale.


Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li.


Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè. Si yon moun anwò dlo ta gade vè latè; men gade, tout fènwa ak gwo twoub. Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.


Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, e zetwal yo va pèdi briyans yo.


“Men imedyatman apre tribilasyon nan jou sa yo, solèy la va vin nwa. Lalin lan p ap bay limyè, zetwal yo va tonbe sòti nan syèl la, e pouvwa syèl yo va souke.


Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen),


Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, zye li te fikse epi li pa t kab wè.


“Lè li te mansyone lach Bondye a, Éli te tonbe sou chèz li pa dèyè akote pòtay la. Kou li te kase, e li te mouri, paske li te fin granmoun e li te gra.” Konsa, li te jije Israël pandan karant ane.


跟着我们:

广告


广告