Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 11:10 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste pou l pa nan kè ou, e fè mal rete lwen chè ou; paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

10 Pa kite lapenn chita nan kè nou. Pa kite anyen fè nou soufri nan kò nou. Ou p'ap rete jenn gason ak cheve nwa tou tan.

参见章节 复制




Eklezyas 11:10
14 交叉引用  

Yon moun ensanse va vin entèlijan lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.


Paske Ou ekri bagay anmè kont mwen e fè m eritye tout inikite a jenès mwen yo.


Zo li yo plen ak fòs jenès li, men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.


Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo. Selon lanmou dous Ou, sonje mwen, Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.


Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole tankou lajè a men m ki louvri. Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou. Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.


Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.


Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.


Mwen te wè tout zèv ki te fèt anba solèy la e, men vwala, tout se vanite e chache kouri dèyè van.


“Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.”


Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo, avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di: “Mwen pa pran plezi nan yo;”


Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.


Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.


跟着我们:

广告


广告