Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Eklezyas 10:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Gen yon mal mwen konn wè anba solèy la, tankou yon fot ki sòti nan sila k ap gouvène a——

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Men yon lòt move bagay mwen wè ankò sou latè, lèfini se chèf yo ki lakòz sa.

参见章节 复制




Eklezyas 10:5
10 交叉引用  

Lavi alèz pa fèt pou moun ensanse; bokou mwens pou yon esklav ta gen otorite sou prens yo.


Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa; men lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.


Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.


Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.


Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste.


Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman.


Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la.


Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li.


Gen yon mal ke m konn wè anba syèl la e ki gaye patou pami lòm—


Men yon mal nan tout sa ki konn fèt anba solèy la, ke gen menm desten an pou tout moun. Anplis, kè a fis a lòm yo plen mechanste, e foli rete nan kè yo pandan tout lavi yo. Apre, yo ale kote mò yo.


跟着我们:

广告


广告