18 Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann, e nan enpridans kay la vin koule.
18 Lè yon moun twò parese pou l repare kay li, twati a ap koule, fetay la ap tonbe.
Men a dilijan yo va kòmande; men parese a va fè kòve.
Fanm saj la bati kay li, men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.
Parese a pa laboure tè nan sezon otòn; akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
Se volonte a parese a ki fè l mouri, paske men li refize travay;
paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv; e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen,