11 Si sèpan an mòde avan li vin chame, nanpwen pwofi.
11 Ou te mèt konn chame sèpan, sa p'ap sèvi ou anyen si ou kite l gentan mòde ou.
Lang ou envante destriksyon, tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
O Bondye, kraze dan nan bouch yo! Kase gwo dan a jenn lyon an, O SENYÈ.
Ki te file lang yo tankou nepe. Yo te pwente flèch pawòl anmè yo,
Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan; e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.
Si rach la pa gen tay, e li pa file pwent li; alò, li va egzije plis fòs. Avantaj a sajès se reyisi!
“Paske gade byen, Mwen ap voye sèpan yo kont nou, vipè yo ki p ap ka chame; e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.
Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak pwazon mòtèl.