Alò, bay kè nou avèk nanm nou pou chache SENYÈ a, Bondye nou an. Konsa, leve pou bati sanktiyè SENYÈ a, Bondye a, pou nou kapab pote lach akò SENYÈ a avèk veso sakre Bondye yo antre nan kay ki va bati pou non a SENYÈ a.”
Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou vè syèl la, pou lagrèl kapab tonbe sou tout tè Égypte la, sou moun, sou bèt, e sou chak plan nan chan tout kote nan peyi Égypte la.”
Nonm nan te di m: “Fis a lòm, wè ak zye ou e prete atansyon a tout sa ke m va montre ou; paske ou te vin mennen isit la pou m ta ka montre ou li. Deklare a lakay Israël tout sa ke ou wè.”
Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo.
Epi nan lè li t ap mouri an, fanm ki te kanpe akote li a te di li: “Pa pè, paske ou te bay nesans a yon fis.” Men li pa t reponn li ni li pa t okipe li.