SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di:
Alò nan jou ke Moïse te fin monte tabènak la, li te onksyone li, e li te konsakre li avèk tout zouti li yo, ak lotèl la, avèk tout zouti li yo. Li te onksyone yo e li te konsakre yo.
Alò, nan jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten.