Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 35:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Tout sa yo ki te mennen pa kè yo, tout sa yo ki te mennen pa pwòp lespri pa yo te vin pote ofrann pou zèv a tant reyinyon an, pou sèvis li, e pou vètman sen li yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Apre sa, tout moun ki te sòti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Senyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo.

参见章节 复制




Egzòd 35:21
28 交叉引用  

Paske Ou menm, O SENYÈ, Bondye a Israël la, te fè yon revelasyon a sèvitè Ou a e te di: ‘Mwen va bati yon kay pou ou’. Pou sa, sèvitè Ou a te jwenn kouraj pou fè priyè sila a, a Ou menm.


Epi Wa David te leve sou pye li e te di: “Koute mwen, frè m yo ak pèp mwen an! Mwen te gen entansyon bati yon kay repo pou lach akò SENYÈ a e pou machpye Bondye nou an. Pou sa, mwen te fè preparasyon yo pou bati li.


“Epi pou ou menm, fis mwen an, Salomon, fè konesans a Bondye papa ou a e sèvi li avèk tout kè ou e avèk bòn volonte; paske SENYÈ a chache nan tout kè yo e byen konprann entansyon a tout panse yo. Si ou chache Li, Li va kite ou jwenn Li; men si ou abandone Li, Li va rejte ou jis pou tout tan.


Men se kilès mwen ye, e kilès pèp mwen an ye, pou nou ta kapab ofri ak jenewozite sa a? Paske tout bagay sòti nan Ou, e nou te bay Ou sa ki deja pa W.


Anplis, nan gran lajwa mwen pou lakay Bondye mwen an, trezò pèsonèl ke mwen gen an lò avèk ajan, mwen bay li a lakay Bondye mwen an; anplis de sou sa ke m te founi deja pou sen tanp lan,


Nenpòt moun ki te posede pyè presye, yo te bay yo a trezò lakay SENYÈ a, sou jerans a Jehiel, Gèshonit lan.


Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.


Kèk nan chèf lakay zansèt yo, lè yo te rive lakay SENYÈ a, ki Jérusalem nan, yo te fè ofrann bòn volonte a pou l ta rekonstwi fondasyon li yo.


Beni se SENYÈ a, Bondye a papa zansèt nou yo, ki te mete yon bagay konsa nan kè a wa a, pou fè bèl kay SENYÈ a ki Jérusalem nan;


Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.


“Pale fis Israël yo pou yo rasanble yon ofrann pou Mwen. Soti nan chak òm ki gen bon kè ou va resevwa yon ofrann.


Konsa, tout kongregasyon a fis Israël yo te pati kite prezans Moïse.


Epi tout sa yo ki te mennen pa bon volonte kè yo, ni gason ni fanm, te vin pote bijou monte, bwòch, zanno, bag, braslè, avèk tout kalite bagay fèt an lò. Se konsa chak moun ki te prezante yon ofrann an lò bay SENYÈ a te fè.


Tout fanm avèk kè bon volonte, ansanm ak yon kapasite te file pwal kabrit yo.


Izrayelit yo, tout mesye yo ni fanm ki te gen yon kè ki mennen yo pote nenpòt materyo pou èv, ke SENYÈ a pa Moïse te kòmande yo fè a, te pote yon ofrann bon volonte bay SENYÈ a.


‘Pran pami nou yon ofrann pou SENYÈ a. Nenpòt moun ki gen kè bon volonte, kite li pote kòm ofrann bay SENYÈ a: lò, ajan, ak bwonz,


Konsa, Moïse te rele Betsaléel avèk Oholiab e chak mèt kapasite nan sila SENYÈ a te mete konesans, chak moun ki te mennen pa kè li pou vin nan travay la pou fè li.


Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule.


Chèf pa yo va youn nan yo, e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo. Mwen va mennen li toupre, e li va vin toupre Mwen; paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.


Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a.


Paske si volonte a la, li akseptab selon sa ke yon moun genyen, pa selon sa ke li pa genyen.


Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa.


‘Leve, leve, Débora! Leve, leve, chante yon chan! Leve, Barak, e mennen kaptif ou yo, O fis Abinoam nan.’


“Tande O wa yo! Bay zòrèy nou, O gran chèf yo! Pou mwen—-Se a SENYÈ a menm ke mwen chante. Mwen va chante bay lwanj a SENYÈ a, Bondye Israël la.


Kè m apiye vè chèf Israël yo, mesye ki parèt ak bon volonte pami pèp la. Beni SENYÈ a!


跟着我们:

广告


广告