Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 31:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo:

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a.

参见章节 复制




Egzòd 31:6
26 交叉引用  

vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.


Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.


epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.


“‘Kite chak nonm ki gen kapasite pami nou vin fè tout sa ke SENYÈ a te kòmande yo:


“Li osi te dedike kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan.


Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blanc, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”


Moïse te pale ak tout kongregasyon fis Israël yo. Li te di: “Sa se bagay ke SENYÈ a te kòmande a, e te di:


Tout mesye avèk kapasite yo pami sa yo ki t ap fè travay la te fè tabènak la avèk dis rido twal fen blan, byen tòde, materyo ble, mov, e wouj. Yo te fè yo avèk cheriben yo, èv a yon mèt ouvriye. Se Betsaléel ki te fè yo.


Avèk li te gen Oholiab, fis a Ahisamac la, nan tribi Dan nan, yon gravè, yon mèt ouvriye, yon tiseran an materyo ble, mov, wouj, ak osi an twal fen blan.


Se tout sa yo ke Senyè te pale lè l te di Aaron avèk Moïse: “Mennen fis Israël yo deyò nan peyi Égypte la selon chèf lame pa yo.”


Alò, apre sa, Senyè a te nonmen swasann-dis lòt. Li te voye yo de pa de devan Li nan chak vil ak andwa kote Li menm te gen pou vini.


Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”


Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


跟着我们:

广告


广告