Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 31:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 “‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò. Paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Se poutèt sa, se pou nou respekte jou repo a paske se yon jou pou nou konsakre pou mwen. Si yon moun pa respekte jou sa a, se pou yo touye li. Si yon moun fè nenpòt ki travay jou sa a, se pou yo disparèt li nan mitan pèp li a.

参见章节 复制




Egzòd 31:14
17 交叉引用  

Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.


Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.


Nenpòt moun ki mele nenpòt bagay parèy ak li, oswa nenpòt moun ki mete okenn nan li sou yon moun ki pa prèt, li va koupe retire pami moun li yo.”


Nenpòt moun ki ta fè parèy li pou sèvi kòm pafen va koupe retire pami pèp li yo.”


“‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò.


akoz yo te rejte règleman Mwen yo e pou lalwa Mwen yo, yo pa t mache ladan yo. Menm Saba Mwen yo, yo te pwofane yo, paske kè yo te tout tan ap mache dèyè zidòl yo.


“‘“Men pitit yo te fè rebèl kont Mwen. Yo pa t mache nan règleman Mwen yo, ni yo pa t fè atansyon pou swiv òdonans Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv la. Yo te pwofane Saba Mwen yo. Konsa, mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen kont yo nan dezè a.


akoz yo pa t swiv òdonans Mwen yo, men te refize tout règleman Mwen yo, te pwofane Saba Mwen yo, e zye yo te sou zidòl a papa zansèt yo.


“‘“Nan yon diskisyon, yo va kanpe pran plas yo pou jije. Yo va jije sa selon òdonans Mwen yo. Yo va anplis, kenbe lwa M yo, ak règleman Mwen yo, nan tout fèt chwazi Mwen yo. Yo va kenbe tout Saba Mwen yo sen.


“Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo.


Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.


跟着我们:

广告


广告