Ou va mennen yo antre, e plante yo nan gwo mòn eritaj pa Ou a, plas la, O SENYÈ, ke Ou te fè tankou abitasyon pa Ou a, lye sen an, O SENYÈ, ke men Ou te etabli a.
“‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo.
Poukisa Ou tankou yon nonm twouble, tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou? Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou; pa abandone nou!
Li te di mwen: “Fis a lòm, sa se plas pou twòn Mwen an, ak plas machpye Mwen an, kote Mwen va demere pami fis Israël yo jis pou tout tan. Lakay Israël p ap souye non sen Mwen an ankò, ni yo menm ni wa yo, pa zak pwostitisyon yo, e pa kadav a wa yo lè yo fin mouri,
Konsa pale SENYÈ a: “Mwen fin retounen nan Sion, e Mwen va demere nan mitan Jérusalem. Jérusalem va rele ‘Vil Verite a, e Mòn SENYÈ Dèzame yo, yo va rele ‘Mòn Sen an.’”
yo te reyini ansanm kont Moïse avèk Aaron. Yo te di yo: “Nou te ale ase lwen, paske tout kongregasyon an sen, yo tout, e SENYÈ a nan mitan yo! Konsa, poukisa nou egzalte tèt nou pi wo pase asanble SENYÈ a?”
Oswa, ki akò tanp Bondye a gen avèk zidòl yo? Paske nou se tanp a Bondye vivan an. Jan Bondye te di a: “Mwen va viv nan yo e mache pami yo. Mwen va Bondye pa yo e yo va pèp Mwen.”
alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.
Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.