Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 29:42 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

42 “Li va yon ofrann brile nan tout tan pou tout jenerasyon nou yo, nan pòtay tant reyinyon an devan SENYÈ a, kote Mwen va reyini avèk nou, pou pale avèk nou la a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

42 Ofrann nan dife sa a, yo gen pou yo fè l tout tan devan mwen, de pitit an pitit nan papòt Tant Randevou a. Se la mwen menm Senyè a, m'ap kontre ak pèp mwen an pou m pale ak yo.

参见章节 复制




Egzòd 29:42
10 交叉引用  

La Mwen va rakontre avèk ou, epi soti anwo chèz pwopyatwa a, nan antre de cheriben yo ki sou lach temwayaj la, Mwen va pale avèk ou selon tout sa ke Mwen va ba ou nan kòmandman pou fis Israël yo.


Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”


Lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa. Ou va ofri avèk li menm ofrann sereyal, e menm ofrann bwason tankou nan maten an pou yon bagay ki santi bon, yon ofrann pa dife vè SENYÈ a.


“Mwen va reyini la avèk fis Israël yo, e li va vin konsakre akoz glwa Mwen.


Ou va bat kèk nan li byen fen, e ou va mete yon pati ladann devan temwayaj la nan tant reyinyon an, kote Mwen va rankontre avèk ou a. Li va yon choz pou nou, ki sen pase tout choz.”


Alò Moïse te abitye pran tant lan, li te monte li deyò kan an, yon bon distans a kan an, e li te rele li “Tant Reyinyon an”. Epi tout moun ki t ap chache SENYÈ a te konn ale nan tant reyinyon ki te deyò kan an.


Nan lè sa a, mwen te tande yon moun ki t ap pale ak mwen soti nan kay la, pandan yon nonm te kanpe akote mwen.


Konsa, yo va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, kon yon ofrann brile ki va fèt tout tan.”


Epi nou va depoze yo nan tant asanble a devan lach temwayaj la, kote Mwen rankontre nou an.


Epi ofrann bwason li va yon ka hin lwil pou chak mouton. Ou va vide yon ofrann bwason ak bwason fò a SENYÈ a, nan plas ki sen an.


跟着我们:

广告


广告