Nan panyen pen san ledven ki te devan SENYÈ a, li te retire yon gato pen san ledven, yon gato pen mele avèk lwil ak yon galèt, e li te plase yo sou pati grès yo ak sou kwis dwat la.
Answit, Moïse te di a Aaron ak fis li yo: “Bouyi chè a nan pòtay tant asanble a, e manje li ansanm avèk pen ki nan panyen ofrann òdinasyon an, jis jan ke m te kòmande a lè m te di: ‘Aaron avèk fis li yo va manje li.’
Li va osi ofri belye a kòm yon ofrann sakrifis lapè bay SENYÈ a, ansanm avèk yon panye gato san ledven. Prèt la va osi ofri ofrann sereyal li avèk ofrann bwason li.