19 “Alò ou va pran lòt belye a, e Aaron avèk fis li yo va poze men yo sou tèt belye a.
19 Apre sa, pran lòt belye mouton an. Arawon ak pitit gason l yo va mete men yo sou tèt li.
Ou va touye belye a, ou va pran kèk nan san li e mete li sou tèt zòrèy adwat Aaron, sou tèt zòrèy dwat a fis li yo, sou pous men dwat yo, nan gwo zòtèy pye dwat yo, e flite rès san an toutotou lotèl la.
Ou va mete yo nan yon panyen, e prezante yo nan panyen an ansanm avèk towo a avèk de belye yo.
Li va poze men li sou tèt ofrann brile a, e ofrann la va aksepte pou li, pou fè ekspiyasyon pou li.
Li va mete men li sou tèt ofrann li an, e touye li nan pòtay tant asanble a. Epi fis Aaron yo, prèt yo, va flite san li toupatou sou lotèl la.