Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 28:40 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

40 Pou fis Aaron yo ou va fè tinik yo; ou va osi fè sentiwon pou yo. Ou va fè chapo pou yo, pou onore yo, e pou fè yo byen parèt.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

40 W'a fè rad, sentiwon ak bonèt pou pitit gason Arawon yo tou, pou yo ka byen abiye pou moun ka rekonèt grad yo.

参见章节 复制




Egzòd 28:40
16 交叉引用  

“Ou va fè vètman sen pou Aaron, frè ou a, pou onore li, e pou l byen parèt.


“Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.


Ou va mennen fis li yo, e mete tinik yo sou yo.


Ou va mete sentiwon pou yo, ni Aaron ni fis li yo, e ou va mare chapo yo sou tèt yo. Yo va genyen pozisyon prèt la, kòm yon lòd k ap pou tout tan san fen.


vètman tise yo pou sèvis nan lye sen an, vètman sen pou Aaron yo, prèt la, ak vètman a fis pa li yo, pou fè sèvis kòm prèt.


Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion. Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an; paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo p ap antre kote ou a ankò.


Li va benyen kò li avèk dlo nan yon lye sen. Li va mete vètman li yo pou vin parèt e ofri ofrann brile pa li avèk ofrann brile ki pou pèp la, epi pou fè ekspiyasyon pou li menm ak pou pèp la.


Apre sa, Moïse te fè fis Aaron yo pwoche. Li te abiye yo avèk tinik yo, mare senti yo avèk sentiwon an twal yo e mare kas yo sou yo, jan SENYÈ a te kòmande Moïse la.


pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.


Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi,


Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo".


跟着我们:

广告


广告