Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 28:39 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

39 Ou va trese yon tinik avèk modèl kare avèk twal fen blan, ou va fè yon tiban avèk twal fen blan, e ou va fè yon sentiwon bwode, èv a yon bòs tiseran.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

39 W'a fè chemiz la ak mouchwa tèt la ak twal fen blan, ansanm ak yon sentiwon bwode byen bèl.

参见章节 复制




Egzòd 28:39
10 交叉引用  

Li va mennen kote Wa a nan yon zèv bwodri. Vyèj yo, konpanyen li yo, k ap swiv li va mennen bò kote Ou.


“Ou va fè yon rido pou pòtay tant lan avèk twal ble, mov, e wouj, ak twal fen blan byen tòde, zèv a yon mèt tiseran.


“Pou pòtay galeri a va gen yon rido ven koude, avèk twal ble, mov, e wouj avèk twal fen blan, byen tòde, lèv a yon mèt tiseran, avèk kat pilye pa yo, ak kat baz reseptikal pa yo.


“Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.


Ou va pran vètman yo. Ou va mete sou Aaron tinik lan avèk manto efòd la, efòd avèk pyès lestomak la, e ou va mare senti li avèk bann trese byen fen ki sou efòd la.


Ou va mete tiban an sou tèt li, e mete kouwòn sen an sou tiban an.


Ou va mennen fis li yo, e mete tinik yo sou yo.


Yo te fè tinik ki te tise an twal fen blan an pou Aaron, ak fis li yo,


Li va mete sou li tinik sen an. Li va mete sou li pantelon fèt an len yo, ak sou-vètman an len ki va toupre kò li a, epi li va mare senti li an len, e li va abiye avèk tiban len an. Sa yo se vètman sen yo. Li va benyen kò li nan dlo, e li va vin abiye ak yo.


Prèt la dwe abiye an vètman len fen pa li a, e li va mete sou vètman li touprè chè li. Konsa, li va pran sann dife yo nan ofrann brile a pou dife a ki vin redwi sou lotèl la e plase yo akote lotèl la.


跟着我们:

广告


广告