Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 25:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 “Alò, ou va fè yon chandelye avèk lò pi. Chandelye a avèk baz ak pyè li yo gen pou fòme avèk lò ki bat. Tas li yo, boujon li yo, avèk flè li yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. Y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. Y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan.

参见章节 复制




Egzòd 25:31
28 交叉引用  

Te gen bwa sèd sou kay la anndan, taye nan fòm a kalbas avèk flè ki louvri nèt. Tout te fèt an sèd. Pa t gen wòch ki te vizib.


Anba bò li a, kalbas yo te antoure li tou won, dis nan chak koude e te antoure lanmè a nèt. Kalbas yo te an de ranje, fonde ansanm avèk tout lòt bagay.


chandelye yo, senk adwat e senk agoch, pa devan nan sanktyè enteryè a, avèk lò pi; epi flè yo avèk lanp yo avèk pensèt yo, tout te an lò.


epi lò pou baz chandelye an lò yo avèk lanp pa li yo; epi ajan a baz chandelye an ajan yo, avèk pwa a chak baz avèk lanp pa li yo selon sèvis a chak chandelye;


Chak maten e chak swa, yo brile bay SENYÈ a ofrann brile avèk lansan santi bon, pen konsakre ki sou tab pwòp, e chandelye a avèk lanp li yo pou limen chak swa; paske nou kenbe chaj a SENYÈ a, Bondye nou an, men ou te abandone Li.


chandelye yo avèk lanp pa yo an lò pi, pou briye devan sanktyè enteryè a jan sa te òdone a;


Li te fè dis chandelye an lò selon òdonans ki te etabli yo e li te plase yo nan tanp lan, senk sou bò dwat la e senk sou bò goch la.


Epi nan chandelye a, kat tas ki fòme tankou flè zanmann yo, avèk boujon ak flè li.


Boujon pa yo avèk branch pa yo va fèt nan yon sèl pyès avèk li. Yo tout va fòme yon èv nan yon sèl pyès, fòme avèk mato ak lò pi.


tab la osi avèk tout bagay itil li yo, chandelye an lò pi avèk tout bagay itil li yo, ak lotèl lansan an,


chandelye a osi avèk limyè li ak lwil pou limyè a;


chandelye fèt an lò pi a, avèk aranjman pou lanp yo ak tout bagay itil li yo, ak lwil pou limyè a;


Li va kenbe lanp an lòd sou chandelye an lò devan SENYÈ a pou tout tan.


Li te di m: “Kisa ou wè?” Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bobèch pou chak lanp ki sou li yo.


Alò, devwa pa yo se te lach la, tab la, chandelye a, lotèl yo, tout zouti pou sèvis sanktyè a, rido a, ak tout sèvis ki fèt avèk yo.


Yo va mete tout zouti li yo nan yon kouvèti po dofen, e yo va mete li nan poto ki fèt pou pote a.


Yo va pran yon twal ble, e yo va kouvri chandelye a pou limyè a, ansanm avèk lanp pa li yo, touf yo, asyèt li yo, ak veso lwil li yo, avèk sa yo konn okipe li yo.


Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:


Men kòman mendèv chandelye a te ye; fèt avèk lò ki bat, soti nan baz li jis rive nan flè yo, li te yon travay ki bat. Selon modèl ke SENYÈ a te montre a Moïse la, konsa li te fè chandelye a.


Paske te gen yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.


Alò, mwen te vire pou wè vwa ki t ap pale avè m nan. Epi nan vire, mwen te wè sèt chandelye ki fèt an lò.


Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”


Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.


Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo.


epi lanp Bondye a potko etenn e Samuel te kouche nan tanp SENYÈ a kote lach Bondye a te ye a,


跟着我们:

广告


广告