Alò, konsènan tout sa ke M te pale avèk nou yo, pran atansyon pou fè yo. Konsa, pa nonmen non a lòt dye yo, ni kite yo tande pawòl sa yo sòti nan bouch nou.
“Pa fè yon akò avèk abitan yo nan peyi a, sòf ke yo ta jwe yon wòl kòm pwostitiye avèk dye pa yo, fè sakrifis a dye pa yo, e yon moun ta kab envite nou pou nou manje nan sakrifis li.
“Lè SENYÈ a, Bondye nou an, mennen nou vini nan peyi kote nou ap antre pou posede a, e chase devan nou anpil lòt nasyon, Etyen yo, Gigachyen yo, Amoreyen yo, avèk Kanaaneyen yo, Perezit yo, Evyen yo, ak Jebizyen yo, sèt nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou yo;
epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.
Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.