Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 23:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 “Mwen va etabli bòn nou yo soti nan Lamè Wouj, jis rive nan lanmè Filisten yo, soti savann nan pou rive nan larivyè Lefrat paske Mwen va livre abitan peyi yo nan men nou, e nou va pouse yo ale devan nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 M'ap fè fontyè peyi nou an konmanse depi sou lanmè Wouj la rive jouk sou lanmè Mediterane, depi sou dezè a al bat sou larivyè Lefrat la. M'ap lage tout moun nan peyi a anba men nou, n'ap chase yo met deyò devan nou.

参见章节 复制




Egzòd 23:31
37 交叉引用  

Nan jou sa a, SENYÈ a te fè yon akò avèk Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate,


ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, “Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an.


Alò, lapoula, yon pwofèt te pwoche Achab, wa Israël la, e te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Èske ou te wè tout gran kantite foul sila a? Veye byen, Mwen va livre yo nan men ou jodi a e ou va konnen ke se SENYÈ a Mwen ye.’”


Alò, Salomon te renye sou tout wayòm yo soti Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo ak nan lizyè a Égypte yo. Yo te mennen pèyman obligatwa e yo te sèvi Salomon tout jou lavi li yo.


Paske li te byen domine sou tout sila ki te vè lwès Larivyè a, soti nan Thiphsach, jis rive nan Gaza, sou tout wa yo vè lwès Larivyè a. Epi li te gen lapè sou tout akote ki antoure li yo.


Konsa, Salomon te obsève fèt la nan lè sa a, e tout Israël avèk li, yon gran asanble soti nan antre Hamath jis rive nan ti kouran dlo Égypte la, devan SENYÈ a Bondye nou an, pandan sèt jou e avèk sèt jou anplis, katòz jou nèt.


Li te mèt sou tout wa yo soti nan Rivyè Euphrate la, jis rive nan peyi Filisten yo, e jis rive nan lizyè Égypte la.


Anplis, l ap renye jiskaske yon lanmè rive nan yon lòt lanmè a, e soti nan Rivyè a jis rive nan dènye pwent tè a.


Men SENYÈ a te di a Moïse: “Pa pè li, paske Mwen te bay li nan men nou, tout pèp li a ak tout peyi li a. Ou va fè avèk li jan ou te fè Sihon, wa Amoreyen, ki te viv Hesbon yo.”


Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li.


Vire kòmanse vwayaj nou an pou ale nan peyi mòn ki pou Amoreyen yo e vè tout kote nan Arabah yo nan peyi mòn yo, nan teren ba yo, nan Negev la, nan lanmè a, peyi a Canaran yo ak nan Liban jis rive nan gran rivyè Lefrat la.


Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”


Nenpòt kote ke pye nou pile va vin pou nou; lizyè nou va soti nan dezè a pou jis rive Liban, soti nan rivyè a, Rivyè Lefrat la, pou jis rive nan lanmè lwès la.


SENYÈ a, Bondye nou an, te livre li bannou, e nou te bat li avèk fis li yo ak tout pèp li a.


“Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout.


“Sèlman, nan vil a pèp sa yo ke SENYÈ Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj la, nou pa pou kite anyen viv ki respire.


Men SENYÈ a te di mwen: ‘Pa pè li, paske Mwen te livre li avèk tout pèp li a, ak peyi li a nan men ou; epi ou va fè li menm jan ke ou te fè Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon an.’


lè nou pouse mete deyò tout lènmi nou yo devan nou, jan SENYÈ a te pale a.


Pou sa, konnen ke jodi a, se SENYÈ a, Bondye nou an, ki ap travèse devan nou tankou yon dife devoran. Li va detwi yo e Li va donte yo devan nou pou nou kapab chase yo sòti e detwi yo byen vit, jis jan ke SENYÈ a te pale nou an.


Soti nan dezè a ak Liban sila a, menm jis rive nan gran rivyè a, Rivyè Lefrat la, tout peyi Etyen an, jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche a va teritwa pa nou.


men pa rete nou menm. Swiv lènmi nou yo pou atake yo pa dèyè. Pa kite yo antre nan vil yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo nan men nou.”


SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou.”


“Tout pèp ki te rete nan peyi ti kolin yo soti Liban jis rive Misrephoth-Maim, tout Sidonyen yo, mwen va pouse yo ale soti devan fis Israël yo. Se sèl a Israël pou bay li kòm eritaj, jan Mwen te kòmande ou a.


Yo te di Josué: “Anverite, SENYÈ a te bannou tout peyi a nan men nou. Anplis, kè tout abitan peyi a tap fonn e disparèt devan nou.”


Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo.


Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke.


“‘Nou te travèse Jourdain an pou te rive Jéricho, epi pèp Jéricho yo te goumen kont nou; Amoreyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo avèk Etyen yo avèk Gigazyen yo, Evyen yo ak Jebizyen yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men nou.


Apre, Mwen te voye gèp la devan nou e li te chase fè sòti wa Amoreyen yo devan nou, men pa akoz nepe nou ni banza nou.


SENYÈ a te pouse fè sòti devan nou tout pèp yo, menm Amoreyen ki te viv nan peyi a. Konsa, nou osi, nou va sèvi SENYÈ a; paske se Li menm ki Dye nou.”


“‘Alò, Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou.


Epi SENYÈ a te di a Josué: “Lonje lans ki nan men ou an vè Aï; paske Mwen va ba ou li.” Konsa, Josué te lonje lans ki te nan men l lan vè vil la.


Epi nou va leve anbiskad nou e pran posesyon vil la; paske SENYÈ a, Bondye nou an, va livre li nan men nou.


Mesye Israël yo te di a Evyen yo: “Petèt ou rete touprè nou: donk, kijan nou kap fè akò avèk ou?”


Juda te monte e SENYÈ a te livre Kananeyen yo avèk Ferezyen yo nan men yo. Yo te bat di-mil lòm Bézek.


SENYÈ a, Bondye a Israël la, te meteSihon avèk tout pèp li a nan men Israël la, e yo te genyen yo. Konsa, Israël la te vin posede tout teren a Amoreyen yo, pèp a peyi sila yo.


Alò, David te fè demann SENYÈ a yon lòt fwa. Epi SENYÈ a te pale li e te di: “Leve, desann Keïla; paske Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”


跟着我们:

广告


广告