Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Egzòd 14:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 Men fis Israël yo te mache sou tè sèch pase nan mitan lanmè a, e dlo a te vin tankou yon mi pou yo ni sou men dwat yo ni sou men goch yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.

参见章节 复制




Egzòd 14:29
19 交叉引用  

Élie te pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch.


Ou te divize lanmè a devan yo. Konsa yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. Epi sila ki te kouri dèyè yo te jete nan fon, tankou yon wòch nan dlo anraje.


Konsa, Li te repwoche Lanmè Wouj, e li te vin sèch, Li te mennen yo pase nan fon yo, menm jan yo te pase nan dezè a.


a Sila ki te divize Lanmè Wouj fè de bò a, paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;


Li te divize lanmè a e te fè yo pase ladann. Li te fè dlo yo kanpe wo tankou yon gwo pil.


Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.


Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan tè sèch nan mitan lanmè a.


Avèk gwo souf ki sòti nan nen ou kouran dlo yo vin kanpe fè gwo pil. Dlo k ap koule a te vin kanpe tankou yon miray. Fon yo te vin koule nan kè lanmè a.


Konsa, SENYÈ a va detwi lang lanmè Égypte la nèt. Li va pase men L sou rivyè a ak van cho a, e Li va frape divize l an sèt flèv pou fè moun kapab travèse li pye sèk.


Lè w ap pase nan gwo dlo yo, Mwen va la avèk ou; epi nan rivyè yo, yo p ap debòde sou ou. Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile, ni flanm nan p ap brile ou.


Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a, dlo yo a gran fon an; ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?


Èske ou te bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a, ki te rale ouvri syèl yo e te poze fondasyon latè yo? Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a, pandan l ap prepare pou detwi? Men ki kote kòlè opresè sila a?


Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a.


dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.


跟着我们:

广告


广告