Ou menm, nan gran mizerikòd Ou, pa t abandone yo nan dezè. Pilye nwaj la pa t kite yo pandan lajounen, pou gide yo nan chemen yo, ni pilye dife a pandan lannwit, pou klere pou yo chemen an, e montre yo direksyon ke yo dwe ale.
SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti.
Alò, nan jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten.
Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.