Nan premye mwa ki se mwa Nisan an, nan douzyèm ane Wa Assuérus la, bagay Pur a, sa vle di tiraj osò a, te voye devan Haman jou apre jou e soti mwa apre mwa, jis rive nan douzyèm mwa a, sa vle di, mwa Adar a.
Moïse te di a pèp la: “Sonje jou sa a lè nou te sòti an Égypte la, nou te pati kite kay esklavaj la. Paske ak yon men pwisan, SENYÈ a te fè nou sòti nan plas sa a. Epi anyen avèk ledven pa pou manje.
Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven an, jan Mwen te kòmande nou an, nan tan ki apwente nan mwa Abib la, paske nan li nou te sòti an Égypte. Epi okenn moun pèsòn p ap parèt devan M men vid.
“Nou va obsève fèt Pen San Ledven an. Pandan sèt jou nou va manje pen san ledven, jan Mwen te kòmande nou an, nan lè dezinye a, nan mwa Abib la, paske nan mwa Abib la nou te sòti an Égypte.
“Obsève mwa Abib lan pou selebre Pak a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nan mwa Abib la, SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti an Égypte nan nwit lan.