Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 6:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Lapè avèk frè nou yo, e lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Mwen mande Bondye, Papa a, ansanm ak Jezikri, Senyè a, pou yo bay tout frè yo kè poze, renmen ak konfyans nan Bondye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 M ap priye Bondye Papa a ansanm ak Senyè Jezikris pou bay tout frè ak sè nou yo lapè, lanmou ak lafwa.

参见章节 复制




Efezyen 6:23
21 交叉引用  

Li te di: “Rete anpè, nou pa bezwen pè. Bondye pa nou an e Bondye papa nou an te bannou trezò nan sak nou yo. Mwen te resevwa kòb nou an.” Epi li te mennen Siméon deyò bay yo.


Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.


A tout sila yo ke Bondye renmen anpil nan Rome, ke Li te rele kòm sen yo: gras anvè nou avèk lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a Jésus Kri.


Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.


Gras de nou e lapè Bondye, Papa nou an, ak Senyè a Jésus Kri.


Finalman, frè m yo, rejwi. Vin konplè, vin rekonfòte vin gen yon sèl panse. Viv nan lapè, epi Bondye lanmou ak lapè a va avèk nou.


Paske nan Kris Jésus ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.


Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Israël Bondye a.


Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.


Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.


Nou ta dwe toujou bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou.


Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. Ke Senyè a avèk nou tout!


Konsa, lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a.


Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa enstwi yon lòt doktrin nèf;


Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.


Salye youn lòt avèk yon bo lanmou. Lapè avèk nou tout ki nan Kris la.


men mwen espere ke mwen va wè nou toutalè, epi nou va pale fas a fas.


Jean, a sèt legliz ki an Asie yo: Gras pou nou ak lapè, ki soti nan Sila ki la, ki te la, e ki va vini an; ki soti anplis nan sèt lespri ki devan twòn Li an;


Epi konsa ou va pale: ‘Ke lavi ou kapab byen long, lapè avèk ou, lapè avèk lakay ou e lapè sou tout sa ou genyen.


跟着我们:

广告


广告