Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 5:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Lè nou ansanm yonn ak lòt, sèvi ak pawòl sòm yo, kantik yo epi ak pawòl chante Lespri enspire nou. Chante kantik ak Sòm pou Senyè a, lè n'ap fè lwanj li ak tout kè nou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Ankouraje youn lòt avèk sòm yo, ak chan, ak kantik espirityèl. Chante epi fè mizik pou lwanj Senyè a ak tout kè nou.

参见章节 复制




Efezyen 5:19
16 交叉引用  

Chante a SENYÈ a ak remèsiman. Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,


Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la. Vide kè nou devan Li. Bondye se yon refij pou nou.


Mwen va ba Ou remèsiman, O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m. Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.


Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, Annou rele fò a Li menm avèk sòm.


Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan, men nou va kriye fò ak yon kè plen doulè, e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.


Pèp sa a onore M avèk lèv yo, men kè yo byen lwen Mwen.


Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.


Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.


Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans la osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans la osi.


Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.


Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.


Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.


Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di: “Dign se Ou menm pou pran liv la, e kase so li yo. Paske Ou te touye, e Ou te achte pou Bondye avèk san Ou; lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.


跟着我们:

广告


广告