Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 5:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men tout bagay vin vizib lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, lè ou mete tout bagay sa yo aklè nan limyè, lèzòm va wè sa yo ye tout bon.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Men, limyè a montre aklè kijan bagay sa yo pa bon ditou.

参见章节 复制




Efezyen 5:13
8 交叉引用  

Pwofèt ou yo te wè pou ou vizyon ki te fo; ki te plen foli. Yo pa t dekouvri inikite ou pou restore ou sòti an kaptivite, men yo te wè pou ou vizyon pòt pawòl ki te fo, ki te egare ou.


Konsa, Mwen va dekouvri wont li devan zye a tout moun ki renmen li yo, e pèsòn p ap mande fè l soti nan men Mwen.


Lè M ta geri blesi Israël, inikite a Éphraïm nan vin dekouvri, ak mechanste a Samarie a tou; paske yo aji nan manti. Vòlè a antre, bandi yo atake pa deyò.


Mwen va pote endiyasyon SENYÈ a, akoz mwen te peche kont Li, jiskaske li plede ka mwen an, e egzekite jijman pou mwen. Konsa, Li va mennen m sòti nan plen limyè, e mwen va wè ladwati Li.


Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.


Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm.


Men a kilès nan zanj yo, Li janm di: “Chita sou men dwat Mwen, jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin yon ti ban pou pye Ou”?


跟着我们:

广告


广告