Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Efezyen 3:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

21 Wi, tout lwanj lan pou Bondye nan legliz la ak nan Jezikri, pou tout tan ak pou tout tan. Amèn. Se sa menm!

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Tout glwa se pou Bondye, nan legliz ak nan Jezikris, pou tout tan. Amèn.

参见章节 复制




Efezyen 3:21
27 交叉引用  

A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout .


Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou, men pou Non Ou glwa bay, akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.


Beni se non laglwa Li jis pou tout tan! Ke tout tè a kapab ranpli ak glwa Li! Amen e amen.


Kite yo bay glwa a SENYÈ a e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.


Youn te rele a yon lòt epi te di: “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo; tout latè plen ak glwa Li.”


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


“Glwa a Bondye nan pi wo a, e sou latè a, lapè pami lèzòm ki fè L kontan yo.”


Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.


A Bondye sèl ki saj la, atravè Jésus Kris ki se laglwa pou tout tan an. Amen.


A li menm laglwa pou tout tan. Amen.


Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.


pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri.


Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an,


Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.


epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.


Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.


Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Nou menm osi, kòm wòch vivan, ki bati kòm yon kay sen, pou nou fè sèvis kòm prèt ki sen, pou ofri sakrifis sen, ki akseptab a Bondye, atravè Jésus Kri.


A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.


Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri. A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.


a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.


跟着我们:

广告


广告